"Nen wa?". Se non sa a yo te bay yon adrozò ki fèk dekouvri, ki gen non syantifik Rhinorex condrupus. Li te konn manje vejetasyon nan fen Kretase a, sa gen anviwon 75 milyon ane.
Kontrèman ak lòt adwozò yo, Rhinorex pa t gen yon krèt zo oswa chè sou tèt li. Okontrè, li te gen yon gwo nen. Epitou, yo pa t dekouvri l nan yon aflèman wòch tankou lòt adwozò yo, men nan Inivèsite Brigham Young sou yon etajè nan yon chanm dèyè.
Pandan plizyè dizèn ane, chasè fosil dinozò yo te fè travay yo ak pik ak pèl e pafwa dinamit. Yo te sizle epi eksploze tòn wòch chak ete, ap chèche zo. Laboratwa inivèsite ak mize istwa natirèl yo te plen ak skelèt dinozò pasyèl oswa konplè. Yon pòsyon enpòtan nan fosil yo, sepandan, rete nan kès ak mwazi an plat ki sere nan bwat depo. Yo pa t ba yo chans pou yo rakonte istwa yo.
Sitiyasyon sa a chanje kounye a. Gen kèk paleontològ ki dekri syans dinozò a kòm yon dezyèm renesans. Sa yo vle di se ke yo ap pran nouvo apwòch pou jwenn pi bon konpreyansyon sou lavi ak epòk dinozò yo.
Youn nan nouvo apwòch sa yo se tou senpleman gade sa yo deja jwenn, jan sa te ye ak Rhinorex.
Nan ane 1990 yo, yo te depoze fosil Rhinorex nan Inivèsite Brigham Young. Nan moman sa a, paleontològ yo te konsantre sou anprent po yo te jwenn sou zo kòf hadrosaurus yo, sa ki te kite ti tan pou kran fosilize ki te toujou nan wòch yo. Apre sa, de chèchè postdoktora te deside egzamine kran dinozò a. Dezan apre, yo te dekouvri Rhinorex. Paleontològ yo te bay nouvo limyè sou travay yo.
Okòmansman, yo te fouye Rhinorex nan yon zòn nan Utah yo te rele sit Neslen. Jeològ yo te gen yon imaj byen klè sou anviwònman sit Neslen an nan tan lontan. Se te yon abita estuaryen, yon plenn marekaje kote dlo dous ak dlo sale te melanje toupre kòt yon ansyen lanmè. Men, nan mitan tè a, a 200 mil distans, tèren an te trè diferan. Yo te fouye lòt adrozò, kalite ki gen krèt la, nan mitan tè a. Paske palenontològ anvan yo pa t egzamine skelèt Neslen konplè a, yo te sipoze ke li te yon adrozò ak krèt tou. Kòm rezilta sipozisyon sa a, yo te tire konklizyon ke tout adrozò ak krèt te kapab eksplwate resous nan mitan tè a ak nan estuaryen yo egalman. Se pa t jiskaske palenotològ yo te re-egzamine li ke se te aktyèlman Rhinorex.
Tankou yon moso devinèt k ap tonbe nan plas li, lè nou dekouvri ke Rhinorex se te yon nouvo espès lavi nan fen Kretase a. Dekouvèt "King Nose" a te montre ke diferan espès adrozò yo te adapte epi evolye pou ranpli diferan nich ekolojik.
Lè yo annik gade fosil yo pi byen nan bwat depo ki chaje ak pousyè, paleontològ yo ap jwenn nouvo branch nan pyebwa lavi dinozò a.
——— Soti nan Dan Risch
Dat piblikasyon: 1ye Fevriye 2023